KONDISYON ITILIZASYON TCHEKEM
Efektif nan dat 18 Me 2024
Byenvini sou TCHEKEM!
Nou swete ba ou pi bon eksperyans fè makèt sou entènèt. Tanpri li avèk atansyon tèm ak kondisyon sa yo anvan ou fè yon tranzaksyon sou sit nou an.
1. Pri ak Peman
Tout pri ki afiche sou sit nou an se nan dola ayisyen (HTG) pou kounya e rezon an se paske sistèm n ap enstale a pa pèmèt afichaj an goud (GDS). Lè ou fè yon acha, ou pral bezwen peye ekivalan pri a an goud atravè sistèm peman Moncash la. Sa vle di kantite lajan dola ayisyen (HTG) ke ou wè sou sit la se li ou pral peye an goud lè ou itilize Moncash pou peye. Egzanp : $300 = 1 500GDS
2. Règleman Ranbousman
- Anilasyon kòmand: Ou gen 24 èdtan pou anile yon kòmand epi resevwa yon ranbousman konplè.
- Lòt Ka: Pou tout lòt sitiyasyon ranbousman, yon swivi ap nesesè. Tanpri kontakte ekip sèvis kliyan nou an pou plis detay.
3. Sèvis Kliyan
Si w gen nenpòt kesyon oswa pwoblèm, ou ka kontakte sèvis kliyan nou an nan: [email protected] oswa pa WhatsApp sou +509 3705 47 27.
4. Chanjman nan Tèm ak Kondisyon yo
Nou rezève dwa pou modifye tèm ak kondisyon sa yo nenpòt kilè. Tanpri revize yo regilyèman pou asire w ke ou okouran de tout chanjman.
5. Aksepte Tèm yo
Lè w itilize sit nou an epi fè yon acha, ou dakò ak tèm ak kondisyon sa yo.
6. Lwa ki Gouvène
Tèm ak kondisyon sa yo pral gouvène pa lwa Repiblik Ayiti.
Mèsi pou fè makèt avèk nou nan Tchekem!